Jere lokasyon backup ou. San entènèt.
Sou Windows, ou ka pran vèsyon pòtab la tou — yon sèl fichye, pa bezwen enstale, li mache depi sou yon kle USB.

Lis lokasyon yoBle: backup la deyò. Wouj: moun nan an reta. Vèt: li retounen.

Chif ou yoKonbyen ou fè, konbyen kòb reta ou rekipere, konbyen moun ki pase.

Backup ou yoKi sa ki disponib, ki sa ki deyò, ki sa ki pèdi.
Glise sou kote pou w wè lòt yo →
Avètisman sa yo nòmal. Yo parèt paske app la nouvo epi li pa soti nan yon gwo magazen. Yo pa vle di gen viris. Ou wè yo yon sèl fwa.
14 jou gratis, san ou pa bay anyen. Ou antre lokasyon ou yo epi ou wè si li ede w.
Apre sa, pri a depann de konbyen backup boutik ou genyen. Rele nou epi n ap di w montan an.
Dopen SLB pa ranmase okenn done sou ou.
App la mache nèt sou aparèy ou. Tout sa ou antre ladan l — non kliyan yo, lokasyon yo, backup yo, kòb la — rete sou telefòn oswa PC ou sèlman.
Ou efase tout bagay nenpòt kilè: nan Paramèt, «Efase tout epi rekòmanse», oswa dezenstale app la. Depi w fè sa, done yo disparèt nèt — pa gen kopi okenn lòt kote.
Rele nou sou WhatsApp: +509 46 92 5779 oswa +509 40 07 3153.